send link to app

AYITI NAN PLA MEN W app for iPhone and iPad


4.8 ( 1248 ratings )
Education
Developer: Franklin Olivier
Free
Current version: 1.0, last update: 1 year ago
First release : 24 Aug 2020
App size: 2 Mb

AYITI NAN PLA MEN W se yon aplikasyon gratis ti cheri ki pèmèt ou konnen nan ki depatman oswa awondisman chak komin sitiye li nan peyi d’Ayiti. Li pèmèt ou rafrechi memwa w sou jan ou te konn etidye non komin yo, awondisman yo ak depatman yo lè ou te nan klas primè. App la divize an twa pati:

Yon premye pati (RÉVISION) ki pèmèt ou devine nan ki depatman ak awondisman chak komin ye. Ou annik tape sou non komin nan, epi li ba w, menm moman an, depatman an ak awondisman an pou komin sa a.

Yon dezyèm pati (DÉPARTEMENTS) ki se yon Quiz ki ba w posiblite teste konesans ou sou ki vil ki nan ki depatman.

Anfen yon twazyèm pati (ARRONDISSEMENTS) ki se yon Quiz ankò, men fwa sa a ki tchalennj ou sou ki vil ki nan ki awondisman.

Pa bliye w ap gen ven segond sèlman pou ou chwazi bon repons lan.

Pa pèdi tan! Telechaje aplikasyon an pou w kapab metrize la pou la jewografi ti peyi cheri nou an: AYITI. Jwèt nan men w !
Pou tout sigjesyon, glise yon imel nou nan : [email protected]